BWA KALE se definisyon ensekirite bandi yo ,ki se yon gwoup jèn inosan leta ame nan mas la .
BWA KALE
Ki se mache pran bandi
Mache boule bandi
Mache rache bandi
Mete blokis pou bandi yo
Touye bandi yo
Eske BWA KALE se inik vrè solisyon pou pèp la sòti nan lenkirite ?
Kidonk BWA KALE se yon do miwa pèp la chwazi , se nan lide pou m di pèp la pa anfas pwoblèm lan vre .
Majorite jèn ayisyen grandi ak yon mantalite Bandi ,dandi ,nou se you n nan pèp baz pou n siviv se mete may sou yon lòt ,menm jan leta konwonpi itilize n kòm pwen pou yo siviv malgre jan nou pa sispann sibi de jou an jou .
Ki ESPWA ki genyen pou yon jèn kap viv ayiti aktyèlman , dayè depi w pale de moun kap viv ayiti , ou pale
De yon gwoup moun ki pa gen libète
De yon gwoup moun ki pa depann de tèt yo
De yon gwoup kap kouri chak jou san konn poukisa
De yon gwoup moun ki paka manje
De yon gwoup moun ki depann de Bandi ,
De yon gwoup moun ki alèz nan mizè
De yon gwoup moun kap danse anba bal
Chak katye kounya gen yon gouvènman men se Bandi ki nan tèt la .
Si se sa Pèp la pouve ki BWA KALE a , konnen ni pèp la ,ni Bandi yo tou 2 nan BWA KALE a .

WankyFils